Chak don ede tradui ak pibliye liv devlopman pèsonèl an Kreyòl Ayisyen.
Travay sa a pa depann sou gouvènman oswa enstitisyon. Li grandi gras ak moun ki kwè nan pouvwa mantalite.
Sa ou jwenn:
Santiman objektif ak kontribisyon
Satisfaksyon k ap kreye yon legasi
Patisipasyon nan yon mouvman pozitif
Rezilta / transfòmasyon:
Vle chanjman → Kreyatè chanjman
Endiferans → Patisipasyon aktif
Voye Lang kreyòl la moute
Jeancandio Akademi se yon platfòm ki gen misyon pou leve kapasite moun nan kominote Ayisyen an atravè fòmasyon, edikasyon dijital. Objektif nou se ede moun dekouvri potansyèl yo, chanje mantalite yo epi sèvi ak teknoloji pou chanje lavi yo.
Nou bay opòtinite aprantisaj, ak zouti dijital pou ede ou grandi nan konesans, objektif, ak lidèchip. Kit se liv fizik oubyen liv odyo, nap fè tout sa nou kapab pou transfòme lavi pèp ayisyen an.
Misyon nou se reveye, fòme, epi ranfòse moun pou yo gen klète ak dekouvri rezon deye egzistans yo — konsa yo ka gen enpak sou fanmi yo, kominote yo, ak mond lan.
Paske sa fè nou mal lè nou wè pèp ayisyen an ap soufri paske yo manke konesans. Nou bay Ayisyen edikasyon, ede yo konpran'n vizyon yo, dekouvri potansyèl yo pou pote espwa ak transfòmasyon nan nasyon an.
Nou travay ak biznis ak òganizasyon ki pataje menm vizyon ak nou: edikasyon, avansman, ak ranfòsman kominote a. Ansanm, nou ap konstwi solisyon pou avni Ayiti.
Ou ka sipòte pa fè don, vin patnè, oswa rantre nan youn nan pwogram nou yo. Chak aksyon konte pou ranfòse mouvman an epi pote plis opòtinite pou kominote a.
Nou melanje objektif, edikasyon, ak inovasyon. Nou pa sèlman anseye — nou transfòme. Nou ede moun dekouvri kiyès yo ye, kisa yo kapab fè, ak kijan pou sèvi ak sa pou gen enpak sou lòt moun.